Vòl idantite ki gen rapò ak enpo rive lè yon moun sèvi ak nimewo Sekirite Sosyal (SSN) ou yo te vòlè pou ranpli yon deklarasyon enpo pou reklame yon ranbousman fwòd. Ou ka pa konnen ou se yon viktim jiskaske ou resevwa yon avi IRS oswa eseye ranpli deklarasyon w. Li enpòtan pou w pran mezi pou pwoteje tout enfòmasyon ki idantifye w pèsonèlman (PII).
Vòl idantite rive lè yon moun sèvi ak (PII) ou san pèmisyon w. Egzanp PII yo genyen ladan yo:
- Non, adrès ak nimewo telefòn
- Nimewo Sekirite Sosyal
- Nimewo idantifikasyon anplwayè
- Kat kredi oswa nimewo kont labank
- Imèl oswa adrès Pwotokòl Entènèt (IP)
- Nimewo lisans chofè
- Nimewo paspò
Konsèy pou pwoteje SSN ou ak PII ou
- Kenbe kat ou ak nenpòt lòt dokiman ki montre SSN ou yon kote ki an sekirite.
- PA pote kat ou oswa lòt dokiman ki montre nimewo w regilyèman.
- SÈLMAN pataje SSN ou lè li nesesè.
- Pwoteje enfòmasyon finansye pèsonèl ou lakay ou ak sou òdinatè w.
- Tcheke rapò kredi ou souvan.
- Tcheke deklarasyon salè Administrasyon Sekirite Sosyal ou chak ane.
- Pwoteje òdinatè pèsonèl ou lè w itilize pare-feu, lojisyèl anti-Spam/viris, mete ajou plak sekirite ak chanje modpas pou kont entènèt.
- Pwoteje PII ou; kenbe li prive. Bay SSN ou sèlman lè OU kòmanse kontak, oswa w byen konnen mounn k ap mande l la.
Pa tonbe nan fwòd komen
- Yon imèl inatandi pretann yo soti nan IRS se toujou yon twonpri. IRS pa kòmanse kontak ak kontribyab pa imel oswa rezo sosyal pou mande enfòmasyon pèsonèl oswa finansye. Si w resevwa yon imèl twonpri ki fè konnen se IRS la, voye imèl la (an anglè) bay phishing@irs.gov.
- Yon apèl telefòn inatandi ki soti nan yon moun ki di li se yon ajan IRS, menase ou ak arestasyon oswa depòtasyon si ou pa peye imedyatman, se yon twonpri. Nan yon lòt twonpri, moun k ap rele a mande enfòmasyon finansye w pou l voye yon ranbousman. Pa bay okenn enfòmasyon epi rapòte apèl sa yo ak lòt plan konplo vòl idantite IRS yo bay Enspektè Jeneral Trezò pou Administrasyon Enpo nan 800-366-4484 oswa sou Entènèt nan Rapòte Fwòd Imitan IRS (an anglè).
- Si w dekouvri yon sit entènèt ki di se IRS men ki pa kòmanse ak 'www.irs.gov', voye lyen an bay phishing@irs.gov.
Enfòmasyon sou vyolasyon done yo
Yon vyolasyon done se vòl entansyonèl oswa divilgasyon ki pa entansyonèl enfòmasyon sekirite a. Se pa tout vyolasyon done oswa pirataj òdinatè ki lakòz vòl idantite. Li enpòtan pou konnen ki kalite PII yo te vòlè. Pa egzanp, èske yon vyolasyon done konpwomèt kat kredi w, oswa èske li konpwomèt SSN ou a?
- Si yo te konpwomèt enfòmasyon kat kredi w la, yo pa konsidere kòm vòl idantite ki gen rapò ak enpo epi ou ta dwe swiv etap sa yo nan www.identitytheft.gov (an angle).
- Si yo te konpwomèt SSN ou a, swiv etap ki endike nan gid vòl idantite pou moun yo.
Lòt resous:
Santral vòl idantite
Vòl idantite, Piblikasyon 542 (an anglè) PDF
Enfòmasyon sou vòl idantite pou kontribyab yo, Piblikasyon 5027 (an anglè) PDF
Konsyantizasyon sekirite pou kontribyab yo, Piblikasyon 4524 (an anglè) PDF