Kijan moun ki ranpli fòm 1040-SS yo ta dwe rapòte depans pou itilizasyon kay yo nan biznis la, nan Barèm C (Fòm 1040) an 2023

Pou ane 2023, kontribyab ki ranpli Fòm 1040-SS e ki sèvi avèk Barèm C (Fòm 1040) pou rapòte depans itilizasyon kay li nan biznis la ta dwe swiv etap ki anba yo.

  1. Ranpli fichye travay ki aplikab (yo) nan Piblikasyon 587, Itilizasyon Kay Nan Biznis.
  2. Swiv enstriksyon yo pou fichye travay ou te ranpli a pou kalkile depans ou genyen pou itilizasyon kay ou nan biznis ou a.
  3. Antre montan an nan Barèm C (Fòm 1040), Pati V, Lòt Depans.
  4. Antre total depans ou yo nan Pati V, liy 48, sou Barèm C (Fòm 1040), liy 27a.
  5. Ranpli rès Barèm C (Fòm 1040), sote liy 30 la.
  6. Sèvi ak rezilta a pou ranpli Barèm SE (Fòm 1040) ak Fòm 1040-SS, jan sa apwopriye.