Chak ane, ou ta dwe chwazi estati depo ki reflete sikonstans ou kòrèkteman. Estati depo w ka chanje apre yon gwo evènman nan lavi a tankou lè w marye oswa w demenaje al abite lwen kay la.

Reponn kèk kesyon pou w detèmine estati depo w ki kòrèk la (an anglè).

Kijan estati depo afekte enpo pa w

Estati depo ka afekte:

  • Si w dwe ranpli yon deklarasyon
  • Konbyen enpo ou dwe
  • Kredi ou ka reklame
  • Ki kalite fòm ou dwe ranpli
  • Montan dediksyon estanda w la
  • Si w dwe jwenn yon ranbousman

Senk estati depo

Anjeneral, estati depo w baze sou eta sivil  ou nan dènye jou ane a. Ou ka chwazi:
Selibatè si w pa marye, divòse oswa separe legalman.
Marye epi ranpli ansanm si w marye oswa si konjwen w te mouri pandan ane a.
Marye men ranpli separeman si w marye epi w pa vle ranpli enpo ansanm oswa w twouve ranpli separeman ap pèmèt ou peye mwens enpo. Pifò koup ekonomize lajan lè yo ranpli enpo ansanm.
Chèf kay si w selibatè epi w peye plis pase mwatye depans lavi a pou ou menm ak yon moun ki kalifye antanke depandan pa w.
Konjwen sivivan ki kalifye si konjwen w te mouri nan espas de (2) lane ki pase yo epi ou gen yon timoun kòm depandan pa w.
Jwenn detay sou estati depo yo ak fason pou w chwazi yo (an anglè)

Ki gen rapò

Fason pou w deklare enpo w yo: etap pa etap (nouvo paj)
Jere enpo w yo apre yon evènman lavi a (an anglè)
Deklare enpo w yo apre divòs oswa separasyon (an anglè)
Piblikasyon 501, Depandan, Dediksyon Estanda, ak enfòmasyon pou depo (an anglè)