Kredi Enpo pou Timoun 2021 ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo - Sijè L: Asistans pou Moun yo nan Enskripsyon pou Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

A1. Wi. Ou ka asiste yon lòt moun, tankou yon zanmi oswa yon manm fanmi oswa atravè yon sèvis preparasyon deklarasyon enpo volontè tankou VITA oswa TCE, depi ou gen pèmisyon moun w ape de a. Ou ka ede yo pandan w ap fè yo konprann kòman pou yo itilize Zouti Enskripsyon pou Non-deklaran pou Kredi Enpo pou Timoun nan oswa mete enfòmasyon yo nan zouti a pou yo. Pa konplete Zouti Enskripsyon pou Non-deklaran pou Kredi Enpo pou Timoun nan san patisipasyon dirèk moun nan paske zouti a egzije pou moun nan deklare enfòmasyon li antre yo vrè, kòrèk, ak konplè epi pou li mete pwòp siyati li.

Si ou nan biznis prepare deklarasyon enpo pou lòt moun, ou dwe swiv règleman sou divilgasyon ak itilizasyon enfòmasyon deklarasyon enpo yo ki nan seksyon 6713 ak 7216 nan Kòd la (Code). Vizite  Sant Enfòmasyon Seksyon 7216 (an anglè) pou plis enfòmasyon.