Nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN)

Yon ITIN se yon nimewo ki gen 9 chif IRS bay si w bezwen yon nimewo idantifikasyon kontribyab ameriken pou rezon enpo federal, men ou pa kalifye pou yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN).

Nan paj sa a

Poukisa yo itilize yon ITIN

IRS bay yon ITIN pou rezon enpo federal sèlman.

Yon ITIN pa :

  • Kalifye w pou avantaj Sekirite Sosyal oswa Kredi Enpo sou Revni w Touche
  • Ba ou oswa chanje estati imigrasyon ou
  • Otorize w travay legalman Ozetazini
  • Sèvi kòm idantifikasyon andeyò sistèm enpo federal la

Kiyès ki bezwen yon ITIN

Ou bezwen yon ITIN si w gen yon rezon enpo federal men w pa kalifye pou yon SSN.

Ou gen yon rezon enpo federal lè ou:

  • Gen obligasyon legal pou ranpli yon deklarasyon enpo sou revni federal Ozetazini
  • Vle reklame yon ranbousman oswa benefis enpo ki posib pou li oswa rapòte revni lè w ranpli yon deklarasyon enpo*
  • Yo kapab reklame w kòm yon konjwen oswa depandan pou yon benefis enpo ki posib
  • Dwe bay yon nimewo idantifikasyon enpo pou yon lòt rezon fiskal federal

Anjeneral, yon deklarasyon enpo ki gen zewo sèlman kòm antre pa pral montre yon rezon enpo federal. Nan ka sa a, ou pa bezwen ranpli yon deklarasyon enpo oswa aplike pou yon ITIN.

*Si w te touche revni men ou pa dwe enpo oswa ou pa oblije ranpli, ou gendwa vle fè yon deklarasyon enpo pou jwenn ranbousman. Ou ka kalifye pou yon ranbousman oswa yon kredi enpo ki ranbousab

Si w se yon rezidan etranje, etranje ki pa rezidan oswa konjwen oswa depandan l, ou ka aplike pou yon ITIN kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon w.

Rezidan etranje oswa etranje ki pa rezidan

Si w pa yon sitwayen ameriken, estati enpo w ka swa:

*Règ espesyal pou konte jou yo aplike pou sèten moun ki gen rapò ak gouvènman etranje, pwofesè, estajyè ak elèv ki prezan tanporèman Ozetazini anba sèten viza ameriken.

Detèmine estati rezidans ou pou rezon enpo

Gid Enpo Ameriken pou Etranje yo, Piblikasyon 519 (an anglè)

Konjwen oswa depandan

Ou sèlman kalifye pou yon ITIN si youn nan nan sa ki suiv yo aplike a ou:

Ou ka bezwen yon ITIN si ou se yon:

  • Etranje ki pa rezidan k ap reklame yon avantaj trete enpo
  • Etranje ki pa rezidan ki ranpli yon deklarasyon enpo federal Ozetazini
  • Rezidan etranje ki ranpli yon deklarasyon enpo federal Ozetazini
  • Depandan oswa konjwen yon sitwayen ameriken/rezidan etranje
  • Etidyan ki pa rezidan, pwofesè oswa chèchè k ap ranpli yon deklarasyon enpo federal ameriken oswa reklame yon eksepsyon.
  • Depandan oswa konjwen yon moun ki gen viza etranje ki pa rezidan

Lòt rezon ou ka bezwen yon ITIN se nan Enstriksyon pou Fòm W-7 (an anglè).

  • Sitwayen ameriken
  • Etranje ki pa rezidan e ki gen viza travay Ozetazini (depi ou kalifye pou yon SSN)
  • Rezidan legal pèmanan Ozetazini (moun ki gen kat rezidans)
  • Nenpòt moun ki elijib pou yon SSN

Benefis enpo ki posib

Tcheke si w elijib pou avantaj sa yo kòm yon aplikan ITIN ak fason pou w reklame yo:

Si w se yon rezidan etranje oswa yon etranje ki pa rezidan ki pa kalifye pou yon SSN, ou ka ranpli yon deklarasyon enpo ansanm ak konjwen w ki se yon sitwayen ameriken oswa rezidan etranje.

Pou reklame estati chèf fanmi (an anglè):

1. Depandan aplikan ITIN yo dwe timoun ki kalifye oswa fanmi ki kalifye ki gen rapò avèk ou. Yon fanmi ki kalifye dwe swa:

  • Te abite avèk ou pou plis pase mwatye ane a (ki enkli absans tanporè)
  • Se paran w

Jwenn detay nan Depandan, Dediksyon Estanda ak Enfòmasyon sou Depoze, Piblikasyon 501 (an anglè).

2. Deklarasyon enpo ou nan pake aplikasyon ITIN ou a dwe:

  • Gen Chèf Kay la tcheke nan kare estati dosye a
  • Gen lis depandan aplikan ITIN yo

Pou reklame estati ranpli konjwen sivivan ki kalifye (an anglè):

1. Aplikan ITIN depandan yo dwe:

  • Se pitit ou oswa bèlfi (pa yon timoun adoptif)
  • Te abite avèk ou tout ane a (sa enkli absans tanporè)

2. Deklarasyon enpo ou nan pake aplikasyon ITIN ou a dwe:

  • Tcheke Konjwen Sivivan ki kalifye nan kare estati ranpli a
  • Gen lis depandan aplikan ITIN yo

Jwenn detay Depandan, Dediksyon Estanda ak Enfòmasyon sou Depoze, Piblikasyon 501 (an anglè).

Kredi sa a pèmèt ou reklame jiska $2 500 pou depans edikasyon kalifye ajiste yo peye pou chak elèv ki kalifye. Jwenn detay nan Avantaj Enpo pou Edikasyon, Piblikasyon 970 (an anglè).

Pou reklame kredi sa a lè w aplike pou yon ITIN:

1. Depandan aplikan ITIN yo dwe depandan kontribyab ki fè reklamasyon kredi sa a.

2. Deklarasyon enpo ou nan pake aplikasyon ITIN ou a dwe gen ladan l Fòm 8863 Kredi Edikasyon (American Opportunity and Lifetime Learning Credits) (an anglè).

Kredi sa a bay asistans finansye pou peye prim pou yon plan sante kalifye yo ofri atravè yon Mache. Li ka diminye kantite enpo ou dwe, ba ou yon ranbousman oswa ogmante ranbousman ou. Jwenn detay nan Piblikasyon 974, Kredi enpo prim (an anglè).

Pou reklame kredi sa a lè w aplike pou yon ITIN:

Deklarasyon enpo ou nan pake aplikasyon ITIN ou a dwe:

Si ou te peye yon moun pou pran swen pitit ou oswa lòt moun ki kalifye (oswa konjwen w si w ranpli ansanm) pou te kapab travay oswa chèche travay, ou ka anmezi pran kredi pou depans pou swen timoun ak depandan. Jwenn detay nan Piblikasyon 503, Depans Swen Timoun ak Depandan (an anglè).

Pou reklame kredi sa a lè w aplike pou yon ITIN:

Deklarasyon enpo ou nan pake aplikasyon ITIN ou a dwe:

Ou ka soumèt yon aplikasyon ITIN pou yon depandan yo reklame pou kredi sa a menm si deklarasyon enpo a pa gen okenn enpo kredi a ka redwi.

Kredi $500 ki pa ranbousab sa a disponib pou kontribyab ki gen depandan ki pa kalifye pou kredi enpo pou timoun. Jwenn detay nan Barèm 8812 (Fòm 1040), Kredi pou Timoun ki Kalifye ak Lòt Depandan (an anglè).

Pou reklame kredi sa a avèk yon aplikasyon ITIN:

1. Depandan aplikan ITIN yo dwe rezidan etranje oswa sitwayen ameriken.

2. Deklarasyon enpo ou nan pake aplikasyon ITIN ou a dwe:

*Si w prepare deklarasyon enpo ou ak lojisyèl, asire w kare "Kredi pou lòt moun ki depandan" yo tcheke. Lojisyèl la ka pa tcheke li otomatikman lè pa gen okenn nimewo idantifikasyon kontribyab ki nan lis sou deklarasyon an. N ap antre ITIN lan sou deklarasyon ou lè nou bay ITIN lan.

Ou ka soumèt yon aplikasyon ITIN pou yon depandan yo reklame pou kredi sa a menm si deklarasyon enpo a pa gen okenn enpo pou li redwi.

Kilè pou aplike pou yon ITIN

Aplike nan oswa anvan dat limit enpo w. Mete deklarasyon enpo a nan pake aplikasyon ITIN ou a. Pa ranpli li separeman. Si w bezwen plis tan, ou ka aplike pou yon pwolongasyon.

Ou ka aplike pou yon ITIN nenpòt ki lè si w ap ranpli yon deklarasyon pou ane avan oswa si w satisfè yon eksepsyon pou egzijans ranpli a (an anglè).

Ou dwe gen yon ITIN pa w, pa konjwen ou (si w ap ranpli ansanm) ak pa depandan w la anvan dat limit pou deklarasyon enpo ou a (ki enkli pwolongasyon) pou w ka kalifye pou reklame sèten kredi.

Dat yo bay ITIN nan ka afekte kalifikasyon pou:

  • Kredi enpo pou timoun
  • Kredi pou lòt depandan
  • Kredi enpo opòtinite Ameriken

An jeneral, dat yo bay ITIN nan se dat IRS resevwa pake aplikasyon ITIN ou a si pa t bezwen okenn lòt aksyon pou trete aplikasyon w lan. Pou yon renouvèlman ITIN, dat plasman an se dat orijinal yo te bay ITIN lan anvan li te ekspire a.

N ap ekri ITIN nou te ba w a sou deklarasyon enpo w epi n ap voye l pou yo trete l.

Ou pa bezwen yon ITIN pou aplike pou pwolongasyon tan pou w ranpli deklarasyon enpo w.

Si w bezwen plis tan pou w depoze enpo, mande yon pwolongasyon nan dat limit avril pou w ranpli enpo a. Sa ba ou jiska 15 oktòb pou w ranpli san okenn penalite.

Pwolongasyon an se sèlman pou ranpli deklarasyon ou. Peye nenpòt enpo ou dwe nan dat limit avril la. Ou ka fè peman estime san yon ITIN.

Pou mande yon ekstansyon san yon ITIN:

Pa mete yon W-7 ak Fòm 4868 ou a.

Ou pa bezwen yon ITIN pou fè enpo estime.

Si w resevwa revni san yo pa prelve enpo, tankou revni travay endepandan, ou ka oblije fè peman estime. Sa vre menm si ou pa gen yon ITIN lè w resevwa revni an.

Pou fè yon peman estime san yon ITIN:

Aplike oswa renouvle yon ITIN

Aplike pou yon ITIN pa lapòs oswa an pèsòn. Jwenn sa w bezwen nan pake aplikasyon ITIN nan.

Renouvle yon ITIN si li ekspire epi ou bezwen ranpli yon deklarasyon enpo sou revni federal Ameriken.

Apre w fin aplike

Kite 7 semèn pase pou nou fè w konnen estati aplikasyon ITIN. Sa ka pran ant 9-11 semèn si se sezon enpo (15 janvye rive 30 avril) oswa si w aplike pandan w aletranje.

Si nou pa kontakte w nan espas tan sa a, kontakte nou.

Si w te poste dokiman sipò yo epi w pa resevwa yo disi 60 jou, kontakte nou.

Si w demenaje anvan ou resevwa ITIN ou an, kontakte nou.

Si w te chanje non w apre ou te resevwa ITIN ou a, fè nou konnen pou nou mete enfòmasyon w yo ajou. Voye yon lèt ki eksplike chanjman an (maryaj, divòs, elatriye). Mete dokiman, tankou yon kopi sètifika maryaj ou, dekrè divòs ou oswa dosye tribinal la.

Poste lèt la ak dokiman sipò a pa swa:

Lapòs Ameriken

Internal Revenue Service
Austin Service Center
ITIN Operation
P.O. Box
149342
Austin, TX 78714-9342

Sèvis livrezon prive

Internal Revenue Service
ITIN Operation
Mail Stop
6090-AUSC
3651 S. Interregional, Highway 35
Austin, TX
78741-0000

Mande sèvis livrezon prive a pou l bay prèv livrezon.

Isi w pa ka jwenn Avi CP565 (an anglè) nou te voye pou ou ki gen ITIN ou an, kontakte nou.

Ou pa dwe gen yon ITIN ak yon SSN anmenmtan.

Yon fwa ou vin gen yon SSN:

1. Sispann itilize ITIN ou an

Itilize SSN ou an pou rezon enpo.

2. Fè nou konnen

Lè w resevwa yon SSN, fè IRS konn sa. Nou pral konbine tout dosye enpo ou anba SSN ou an. Si w pa fè nou konnen, ou ka pa resevwa kredi pou tout salè yo peye ak enpo yo prelve. Sa ka diminye kantite lajan ranbousman ou dwe jwenn.

Ou ka fè nou konnen pa mwayen lapòs oswa nan yon biwo lokal IRS.

Fason pou kontakte nou pa lapòs

Ekri yon lèt pou di yo te asiyen w yon SSN epi w vle nou konbine dosye enpo w yo

Enkli :

  • Tout non ou okonplè
  • Adrès postal ou
  • ITIN ou ak kopi Avi asiyasyon ITIN ou an CP565 (an anglè), si sa posib
  • Kopi kat Sekirite Sosyal ou a

Voye lèt la nan adrès sa a:

Internal Revenue Service
Austin, TX
73301-0057

N ap anile ITIN ou an epi n ap aosye enfòmasyon enpo ane anvan yo, ki te fèt sou nimewo ITIN nan, avèk SSN nan.

Kontakte nou

Pou Moun (ki Ozetazini)
800-829-1040
7 a.m. rive 7 p.m. lè lokal

Pou Moun (ki aletranje)
267-941-1000 (li pa yon apèl gratis)

Apèl Moun ki soud oswa ki tande di
TTY/TDD 800-829-4059

Pwofesyonèl enpo
Si w gen yon otorizasyon valid yon tyès pati, rele Sèvis Priyorite Pratisyen (an anglè) nou an.