Sa pou w fè si ou pat soumèt deklarasyon enpo ou (an anglè) Ou bezwen plis tan pou prepare deklarasyon enpo federal ou a? Paj sa a bay enfòmasyon sou kòman pou aplike pou yon pwolongasyon tan pou w fè deklarasyon an. Tanpri konnen byen: Yon pwolongasyon tan pou ranpli deklarasyon w pa ba w okenn pwolongasyon tan pou w peye enpo ou yo. Ou ta dwe estime epi peye nenpòt enpo ou dwe nan dat limit regilye w la pou ede evite penalite ki posib. Ou dwe ranpli demann pwolongasyon w lan pa pita pase dat limit regilye pou deklarasyon w lan. Kontribyab ki nan kèk zòn katastwaf natirèl frape pa nan nesesite pou soumèt yon ekstansyon elektwonik oswa sou papye. Tyeke pou w wè si w kalifye ak dat limit deklarasyon ou an. Ranpli Fòm Pwolongasyon w lan Gratis Anliy Moun k ap fè deklarasyon endividyèl yo, kèlkeswa revni yo, kapab itilize Deklarasyon Gratis IRS la pou yon demann pwolongasyon deklarasyon enpo otomatik anliy. Ranpli fòm sa ap ba w jiska 15 Oktòb pou w fè yon deklarasyon. Si 15 oktòb sa tonbe nan yon samdi, dimanch, oswa jou konje, dat limit la nap tonbe nan pwochen jou travay la. Y ap konsidere deklarasyon w lan fèt alè si li genyen bon adrès la sou li, si li genyen tanp lapòs sou li, epi si li depoze nan bwat lapòs anvan dat la. Pou jwenn pwolongasyon an, ou dwe estime enpo ou dwe sou fòm sa a, epi tou, w ta dwe peye nenpòt kantite lajan w dwe. Resevwa yon pwolongasyon lè ou fè yon pèman Ou kapab jwenn tou yon pwolongasyon lè w peye tout oswa yon pati nan enpo sou revni yo estime w dwe yo epi endike pèman an se pou yon pwolongasyon. Ou ka itilize sèvis kont anliy yo pou fè yon pèman nan menm jou. Yo ka sèvi ak Sistèm Pèman Elektwonik Enpo Federal (EFTPS) la, oswa yon kat kredi oswa kat debi pou pwograme yon pèman ak Pèman Dirèk. Si lè w ap fè pèman w lan, ou chwazi endikatè a, ou p ap oblije ranpli yon fòm ekstansyon apa epi w ap resevwa yon nimewo konfimasyon pou dosye w yo. Fòm Pwolongasyon yo selon Estati Deklarasyon an Endividyèl Fòm 4868, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan Otomatik pou Ranpli Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl Ameriken an (an anglè) Moun k ap fè deklarasyon endividyèl yo, kèlkeswa revni yo, kapab itilize Deklarasyon Gratis IRS la pou yon demann pwolongasyon deklarasyon enpo otomatik anliy. Yo kapab aplike kèk règleman an patikilye si w ap: Sèvi nan yon zòn konba oswa yon zòn yo kalifye ki plen danje (an anglè) Viv deyò Etazini (an anglè) Kalifye pou alèjman fiskal lè w nan zòn katastwòf natirèl frape yo Biznis ak Sosyete Fòm 7004, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan Otomatik pou Ranpli Deklarasyon Enpo sou Revni, Enfòmasyon pou Kèk Biznis oswa Lòt Deklarasyon (an anglè) Fòm 1138, Pwolongasyon tan pou pèman enpo pa yon sosyete k ap tann yon retou sou pèt operasyon nèt li yo (an anglè) Lòt Fòm Fòm 2350, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan pou Ranpli Deklarasyon Enpo sou Revni (pou Sitwayen Ameriken ak Rezidan Etranje ki p ap viv Etazini ki vle Kalifye pou Tretman Enpo Espesyal la) (an anglè) Fòm 4768, Aplikasyon pou pwolongasyon tan pou ranpli yon deklarasyon oswa peye enpo sou dwa siksesyon ameriken (ak Transfè jenerasyon a jenerasyon) (an anglè) Fòm 5558, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan pou Ranpli Kèk Plan Deklarasyon pou Anplwaye (an anglè) Fòm 8809, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan pou Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon (an anglè) Fòm 8868, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan pou Ranpli Deklarasyon yon Òganizasyon yo bay Ekzanpsyon (an anglè) Fòm 8892, Aplikasyon pou Pwolongasyon Tan Otomatik pou Ranpli Fòm 709 ak/oswa Pèman Kado/Transfè Jenerasyon a Jenerasyon (an anglè)