Yon privilèj (lien) enpo federal se yon dwa gouvènman an genyen pou li reklame byen ou posede lè ou neglije oswa pa peye yon enpo ou gen pou ou peye. Privilèj an pwoteje enterè gouvènman an genyen sou tout pwopriyete ou yo, ki gen ladan li, byen imobilye, pwopriyete pèsonèl ak aktif finansyè yo. Yon privilèj enpo federal vin egziste apre:
IRS la:
- Mete dèt ou yo nan liv yo (evalye dèt ou yo);
- Voye ba ou yon bil ki detaye konbyen ou dwe (Avi ak Demann pou Pèman); epi
Ou:
- Neglije oswa refize peye tout dèt ou a tan.
IRS la depoze yon dokiman piblik, Avi Privilèj Enpo Federal, a pou avèti kreyansye yo ke gouvènman an genyen dwa legal sou pwopriyete ou a. Pou plis enfòmasyon, ale sou Piblikasyon 594, Pwosesis Kolèk IRS la (an anglè) PDF.
- Kòman pou ou debarase ou de yon privilèj
- Kòman yon privilèj afekte w
- Evite yon privilèj
- Privilèj vs prelèvman
- Resous èd yo
Kòman pou ou debarase ou de yon privilèj
Peye dèt fiskal ou – an antye – se pi bon mwayen pou ou debarase ou de yon privilèj enpo federal. IRS la retire privilèj an nan 30 jou aprè ou fin peye dèt enpo ou yo.
Lè kondisyon yo nan pi gwo enterè ni gouvènman an ni kontribyab la, genyen lòt opsyon pou redwi enpak privilèj an.
Dechaj pwopriyete
Yon "Dechaj" retire privilèj an sou yon pwopriete espesifik. Genyen plizyè kondisyon Kòd Revni Entèn nan ki detèmine elijiblite a. Pou plis enfòmasyon, ale sou Piblikasyon 783, Deklare, Avi Privilèj Enpo Federal (Kòd Revni Entèn Seksyon 6323(j)) (an anglè) PDF.
Sibòdinasyon
"Sibòdinasyon" an pa retire privilèj an, men li pèmèt lòt kreyansye devanse IRS la, sa k ap rann li pi fasil pou w jwenn yon prè oswa yon ipotèk. Pou ou konnen si w elijib, ale nan Piblikasyon 784, Enstriksyon sou Kijan pou ou Aplike pou yon Sètifika Sibòdinasyon Privilèj Enpo Federal (an anglè) PDF.
Retrè
Yon "Retrè" retire Avi piblik Privilèj Enpo Federal yo epi asire ke IRS la p ap fè konpetisyon lòt kreyansye pou pwopriyete w la; sepandan ou toujou genyen pou w peye kantite ou dwe a. Pou elijiblite, ale nan Fòm 12277, Aplikasyon pou Retrè Fòm 668(Y) Deklare, Avi Privilèj Enpo Federal (Kòd Revni Entèn Seksyon 6323(j)) (an anglè) PDF.
Ou satisfè obligasyon fiskal ou epi yo relache privilèj pwoprieyete ou a; epi tou:
Yon opsyon ka pèmèt Retrè Avi Privilèj Pwopriyete ou yo apre yo relache privilèj Pwopriyete a. Elijiblite jeneral la genyen ladan:
Ou satisfè obligasyon fiskal ou epi yo relache privilèj pwoprieyete ou a; epi tou:
- Pou twa (3) dènye ane yo, ou an konfòmite ak deklarasyon tout deklarasyon patikilye w yo, deklarasyon biznis w yo, e deklarasyon enfòmasyon w yo;
- Ou ajou nan pèman enpo estime ou yo ak depo enpo federal, jan pou sa ye.
Lòt opsyon an ka pèmèt retrè Avi Privilèj Pwopriyete ou si ou te rantre nan oswa si ou te konvèti akò pèman regilye w la an yon akò pèman prelèvman otomatik. Elijiblite jenaral la genyen ladan l:
- Ou se yon kontribyab ki kalifye (sa vle di patikilye, biznis ak dèt enpo sou revni, ak antite ki pa nan biznis ak nenpòt tip dèt enpo).
- Ou dwe $25,000 oswa pi piti (si ou dwe plis pase $25,000, ou kapab peye balans $25,000 a anvan ou fè demann pou retrè avi privilèj pwopriyete a).
- Akò Pèman Prelèvman Otomatik ou an dwe peye an plen nan lespas 60 mwa oswa anvan Lwa Kolèk la ekspire, kèlkeswa sa ki anvan.
- Ou an konfòmite total avèk lòt deklarasyon oswa egzijans pèman.
- Ou te fè twa (3) pèman otomatik konsekitif
- Ou paka pa respekte akò prelèvman otomatik aktyèl oswa anvan yo.
Kòman yon privilèj afekte w
- Aktif – Yon privilèj afekte tout aktif ou yo (tankou pwopriyete, tit yo, veyikil yo) ak lòt aktif ou pral genyen pandan dire privilèj an.
- Kredi – Depi IRS la fin bay yon Avi Privilèj pwopriyete, li ka limite abilite w genyen pou ou jwenn kredi.
- Biznis – Privilèj an atache ak tout pwopriyete biznis epi ak tout dwa sou pwopriyete biznis lan, epi sa gen ladan li tou kont debitè yo.
- Fayit – Si w fè deklarasyon pou fayit, dèt fiskal ou yo, privilèj, ak Avi Privilèj Pwopriyete Federal la ka kontinye apre fayit la.
Evite yon privilèj
Ou ka evite yon privilèj enpo federal byen senp lè ou deklare epi peye tout enpo ou yo konplètman epi a lè. Si ou pa kapab deklare oswa peye a lè, pa inyore lèt oswa korespondans IRS la voye ba ou. Si ou pa kapab peye tout kantite ou dwe a, opsyon pèman yo disponib pou ede w jere dèt enpo ou yo nan le tan.
Privilèj vs prelèvman
Yon privilèj pa yon prelèvman. Yon privilèj pwoteje enterè gouvènman an genyen nan pwopriyete ou yo lè ou pa peye dèt fiskal ou yo. Yon prelèvman (an anglè) pran pwopriyete a pou peye dèt fiskal la. Si ou pa peye oswa aranje w pou regle dèt enpo ou yo, IRS la ka prelve, sezi oswa vann nenpòt vrè oswa pwopriyete pèsonèl ou posede oswa ou gen enterè ladan yo.
Resous èd yo
Operasyon Privilèj Santralize – Pou rezoud pwoblèm privilèj bazik oswa woutin yo: verifye yon privilèj, fè demann kantite pou peye privilèj, oswa relache yon privilèj, 800-913-6050 oswa e-faks 855-390-3530.
Gwoup Konsiltan Kolèk – Pou tout pwobèm privilèj ki konplèks, ki genyen ladan yo dechaj, sibòdinasyon, sibwogasyon oswa retrè; jwenn enfòmasyon pou kontakte biwo konsiltan lokal ou yo nan Piblikasyon 4235, Adrès Gwoup Konsiltan Kolèk yo (an anglè) PDF.
Biwo Apèl yo (an anglè) – Nan kèk sikonstans ou kapab an mezi pou w fè kontestasyon a deklarasyon yon Avi Privilèj Enpo Federal. Pou plis enfòmasyon, gade Piblikasyon 1660, Dwa Apèl Kolèk yo (an anglè) PDF.
Sèvis Pledwari pou Kontribyab – Pou asistans ak gid nan men yon òganizasyon endepandan anndan IRS, rele 877-777-4778.
Operasyon Ensòlvablite Santralize – Si w ap mande èske fayit ou a te chanje dèt fiskal ou yo, rele 800-973-0424.
Kontakte IRS la
- Patikilye yo (k ap travay pou tèt li) 800-829-8374
- Patikilye yo (lòt) 800-829-0922
- Biznis yo 800-829-0922