Zouti yo

Chèche zouti fiskal nou mete a dispozisyon kontribyab patikilye yo, biznis yo, ak pwofesyonèl fiskal yo.

Pou kontribyab patikilye yo

Kont

Kont anliy ou an
Ale sou kont anliy ou an pou jwenn aksè a enfòmasyon endividyèl kont ou an, pou w ka wè balans ou, fè ak wè peman w yo, gade oswa kreye plan peman, jere metòd kominikasyon ou pi pito yo, gade kèk dosye fiskal, epi gade ak apwouve demann otorizasyon yo.

Resevwa yon Relve
Kòmande kopi dosye fiskal ou yo ak tout ansyen relve deklarasyon ou yo, enfòmasyon kont fiskal ou, deklarasyon salè ak revni ou yo epi verifye lèt deklarasyon ki pa fèt.

Deklarasyon

Deklarasyon Gratis
Sèvi ak gid preparasyon fiskal la pou prepare epi soumèt deklarasyon enpo sou revni federal ou a anliy san ou pa peye (si ou Kalifye) sou sit yon patnè IRS ou ka fè konfyans oswa lè w sèvi ak Fòm Deklarasyon pou Soumèt Gratis la.

pilòt Ranpli Dirèk (an anglè)
Pilòt la ap dewoule an faz pandan sezon ranpli 2024 la. Depoze deklarasyon enpo federal 2023 ou sou entènèt, gratis, dirèkteman ak pilòt IRS Ranpli Dirèk si w kalifye. Chèche konnen si pilòt Ranpli Dirèk (an anglè) la bon pou ou.

Founisè deklarasyon elektwonik otorize (an anglè)
Chèche yon founisè deklarasyon elektwonik otorize nan zòn ou rete a ki ka soumèt deklarasyon enpo ou a pa vwa elektwonik.

Lokalizatè pou Volontè pou Asistans nan Enpo sou Revni (an anglè)
Resevwa asistans fiskal gratis pou pèsonaj yo, andikape yo, moun ki pa byen metrize anglè ak kontribyab yo ki kalifye selon nivo revni yo.

Anyè Preparatè Deklarasyon Enpo Federal yo (an anglè)
Chèche preparatè ki nan zòn ou ki gen lisans pwofesyonèl IRS la rekonèt.

Kote Deklarasyon Modifye Mwen An?
Suiv estati deklarasyon modifye enpo endividyèl ou a.

Telechaje dokiman w yo

Zouti Telechaje dokiman bay IRS (an anglè)

Ou ka telechaje dokiman an sekirite kòm repons a yon lèt oswa avi IRS. Ou pa kapab sèvi ak zouti sa a pou ranpli yon deklarasyon enpo.

Ranbousman ak peman yo

Kote Ranbousman Mwen an?
Verifye estati ranbousman enpo sou revni ou an pou twa ane fiskal ki pi resan yo.

Aplikasyon IRS2Go
Verifye sitiyasyon ranbousman pa ou, peye yon vèsman, resevwa èd pou preparasyon enpo gratis, enskri pou ka jwenn konsèy fiskal ki itil, ak plis toujou.

Kont Anliy Ou
Ale nan enfòmasyon endividyèl kont ou an pou w ka wè balans ou, fè ak gade peman ou yo, gade oswa kreye plan peman yo.

Pèman Dirèk
Peye bòdwo enpo ou (san ou pa anrejistre) dirèkteman apati de kont kouran oswa epay ou.

Akò Peman Anliy
Chèche konnen si ou ranpli kondisyon pou fè akò plan peman sou montan ou dwe a si ou pa gen lajan pou peye tout kòb la yon sèl kou.

Kalifikasyon alavans pou òf negosyasyon
Chèche konnen si ou ranpli kondisyon pou fè demand pou yon Òf Negosyasyon, yon antant pou peye mwens pase tout montan enpo ou dwe a.

Kredi ak dediksyon yo

Asistan pou Kredi Enpo Sou Revni ou Antre (EITC)
Chèche konnen si ou ranpli kondisyon yo epi estime montan EITC ou a.

Rechèch sou Òginizasyon ki Ekzonere yo (an anglè)
Fè rechèch sou yon òganizasyon charite oswa ki pa travay pou pwofi epi chèche konnen si li ranpli kondisyon pou resevwa kontribisyon ki redui enpo.

Rechèch Kont pou Kredi a Moun Ki Ap Achte Kay Premye Fwa (FTHBC) (an anglè
)
Chèche konnen balans kont ou a pou Kont FTHBC ou a ak istorik peman ou sou entènèt.

Kalkilatris yo

Estimatè Prelèvman Enpo
Eseye byen evalye estimasyon enpo w pou ane k ap vini an, pou w detèmine sa w ap mete nan fòm W-4 la, konsa ou pap gen ni twòp ni twò piti enpo federal anplwayè ou a ta dwe prelve nan salè ou.

Kalkilatris Dediksyon sou Lavant (an anglè)
Kalkile montan enpo sou lavant jeneral opsyonèl leta ak lokal ou ka reklame lè w ap detaye dediksyon yo.

Asistans pou kontribyab

Lokalizatè Sant pou Ede Kontribyab (an anglè)
Chèche jwenn yon Sant ki pou Ede Kontribyab si pwoblèm enpo ou genyen an pa ka rezoud anliy oswa nan telefòn.

Pou biznis yo

Kont fiskal biznis
Gade adrès ou nan dosye yo, pataje aksè sou kont ou epi mande yon kontwòl fiskal.

Nimewo idantifikasyon anplwayè (EIN)
Resevwa EIN ou sou entènèt san ou pa bezwen rele nou, ni poste ni fakse yon Fòm SS-4 sou papye, yon Demann pou Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN).

Kalandriye Fiskal Anliy (an anglè)
Sonje dat fiskal ki enpòtan pou biznis ak dat limit yo dirèkteman apati òdinatè ou.

Zouti pou Telechaje ak Chèche Lis Enstitisyon Finansye Etranje (FFI) FATCA (an anglè)
Itilize zouti pou telechajman ak rechèch lan pou chèche konnen si yon FFI enskri non li nan lis FATCA a.

Sistèm Elektwonik pou Peman Enpo Federal (EFTPS)
Peye enpo federal ou sou entènèt oswa pa telefòn gras ak EFTPS, ki se yon sistèm pou peman enpo gratis. Li obligatwa pou w anrejistre.

Pou pwofesyonèl fiskal yo

Kont Fiskal Pwofesyonèl (an anglè)
Kont Fiskal Pwofesyonèl la pèmèt ou soumèt yon demann otorizasyon pou kont anliy IRS yon kontribyab patikilye.

Nimewo Idantifikasyon Preparatè Fiskal (PTIN) (an anglè)
Fè demand oswa renouvle yon PTIN. Li obligatwa pou tout moun ki prepare oswa ede moun nan prepare deklarasyon enpo sou revni federal yo pou lajan.

Sèvis Elektwonik
Enskri kòm yon patnè biznis akredite ak IRS epi jere biznis ou pa vwa elektwonik ak IRS la.