Kredi Fiskal sou Lajan ou Antre (EITC) a ede travayè ak fanmi ki gen revni fèb ou modere yo pran yon souf ak taks. Lè ou reklame kredi sa a, sa ka redui kantite lajan taks ou dwe peye epi ranbouse w plis lajan toujou.
 

Kijan Sa Mache:

Itilize kalkilatris sa a pou ka wè:

  • Si ou kalifye pou w resevwa kredi EITC a
  • Si gen nan pitit ou yo ak fanmi w ki kalifye pou kredi sa a
  • Estimasyon kantite lajan kredi w la ye
  • Kondisyon fiskal ou deklare taks

Kisa Ou ap Bezwen

 Atestasyon revni ou tankou fòmilè W-2, ak 1099
 Dokiman ki montre ki kantite lajan taks yo prelve sou ou oswa lajan ou touche
 Nenpòt depans ak ajisteman ki fèt nan kantite lajan ou antre

 

Itilize Asistan an

Sekirite W ak Vi Prive W

Asistan EITC a pa mande w pou bay enfòmasyon konfidansyèl tankou non w, nimewo Sekirite Sosyal ou, adrès oswa nimewo kont bankè w.

Nou pa p sovgade ni sere enfòmasyon ou antre nan asistan an nan achiv nou.

Lòt kredi ou ka kalifye

Si w kalifye pou EITC a, ou kapab kalifye tou pou lòt kredi enpo.