IRS bay plis alèjman pou gwo dife California a: Dat limit 15 Septanm, 15 Oktòb yo, lòt dat yo pwolonje pou pi lwen jiska 3 Janvye pou yon seri zòn

IR-2021-224, 15 Novanm 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te anonse jodia, viktim gwo dife nan kèk kote nan California yo genyen kounyea jiska 3 Janvye 2022 pou yo depoze deklarasyon taks endividyèl ak sou biznis epi fè peman taks yo. Nan alèjman (an anglè) yo te bay nan mwa Dawou a, pwolongasyon sa yo te dwe ekspire 15 Novanm.

IRS ap bay alèjman adisyonèl sa a, dapre dènye desizyon Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) pou mete fen nan peryòd ensidan an pou deklarasyon dezas sa a 25 Oktòb. Dapre lalwa, IRS la dwe bay alèjman pou dezas la jiska 60 jou omwen, apre peryòd ensidan FEMA deziyen an fini.

Pa konsekan, IRS ap bay plis tan kounyea pou tout zòn nan California FEMA deziyen, swa pou asistans piblik, oswa asistans endividyèl . Aktyèlman, sa gen ladan konte Lassen, Nevada, Placer, Plumas, Tehama ak Trinity. Tout jiridiksyon yo ajoute nan deklarasyon FEMA a ap resevwa alèjman IRS la otomatikman. Aktyèl lis lokalite ki elijib yo toujou disponib sou paj alèjman pou katastwòf la sou IRS.gov.

Alèjman sa a ranvwaye dat limit pou deklarasyon taks ak pou peman yo ki te rive apati 14 Jiyè 2021. An konsekans, endividi ak biznis ki afekte yo ap genyen jiska 3 Janvye 2022 pou depoze deklarasyon yo ak peye taks ki te gen pou peye pandan peryòd sa a. Sa vle di, endividi ki te gen yon pwolongasyon valid pou depoze deklarasyon 2020 yo ki te ekspire 15 Oktòb 2021, ap genyen kounyea jiska 3 Janvye 2022, pou yo depoze. Sepandan, IRS la te fè remake, paske peman taks ki an rapò ak deklarasyon 2020 sa yo te dwe fèt 17 Me 2021, peman sa yo pa elijib pou alèjman sa a.

Dat limit 3 Janvye 2022 a aplike tou, pou peman taks sou revni estime chak trimès yo ki dwe fèt 15 Septanm 2021, ak pewòl ak deklarasyon taks dasiz chak trimès ki dwe fèt nòmalman 2 dawou ak 1ye Novanm 2021.Biznis ki gen yon premye dat oswa yon dat pwolonje genyen tan adisyonèl la tou, tankou, pami lòt ankò, patenarya sou ane sivil yo ak sosyete S yo ki gen pwolongasyon 2020 yo k ap fini 15 Oktòb 2021. Li aplike tou pou òganizasyon ki egzante de taks sou ane sivil ki genyen pwolongasyon 2020 k ap fini 15 Novanm 2021.

Anplis, penalite sou pewòl ak depo taks dasiz ki dwe fèt 14 Jiyè 2021 oswa annapre ak anvan 29 Jiyè, ap diminye toutotan depo yo te fèt anvan 29 Jiyè 2021.

Paj alèjman pou dezas IRS (an anglè) la genyen detay sou lòt deklarasyon, peman ak aksyon ki an rapò ak taks k ap kalifye pou tan adisyonèl la.

IRS la bay tout kontribyab ki gen yon adrès yo nan dosye IRS yo, ki nan zòn dezas la, alèjman pou penalite ak deklarasyon. Pa konsekan, kontribyab yo pa bezwen kontakte ajans lan pou yo jwenn alèjman sa a. Sepandan, si yon kontribyab ki afekte resevwa yon avi penalite ki soti nan IRS la pou peman oswa deklarasyon anreta, ki genyen dat pou depo, pou peman, oswa pou deklarasyon, ki tonbe nan peryòd ranvwa a, kontribyab la ta dwe rele nimewo ki sou avi a pou fè diminye penalite a.

Anplis, IRS la pral travay ak tout kontribyab k ap viv deyò zòn dezas la men ki gen dosye yo ki gen yon dat limit pou respekte k ap rive pandan peryòd ranvwa a, nan zòn dezas la afekte yo. Kontribyab ki kalifye pou alèjman an k ap viv deyò zòn dezas la bezwen kontakte IRS la nan 866-562-5227. Sa konsène tou, travayè k ap bay asistans yo nan aktivite alèjman yo, ki afilye avèk yon òganizasyon filantwop oswa gouvènmantal ki rekonèt.

Endividi ak biznis nan yon zòn dezas federal la deklare ki sibi pèt nan dezas la ki pa asire oswa ki pa ranbouse kapab chwazi deklare yo, swa nan deklarasyon pou ane kote pèt la fèt la (nan ka sa a, deklarasyon 2021 an ap depoze lòt ane nòmalman), oswa nan deklarasyon pou ane anvan an (2020). Rasire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA a – DR-4610 – nan tout deklarasyon k ap deklare yon pèt. Gade Piblikasyon 547 (an anglè) pou detay yo.

Alèjaman fiskal la frantre nan kad yon repons federal kowòdone pou domaj gwo dife sa yo lakoz yo epi li baze sou evalyasyon domaj lokal yo FEMA fè yo. Pou enfòmasyon sou rekiperasyon apre dezas la, ale sou DisasterAssistance.gov (an anglè).