Ou ka oblije deklare tranzaksyon ak aktif nimerik (yo di byen dijital tou) tankou kriptomonnen ak jeton ki pa fonjib (NFT) sou deklarasyon taks ou. Revni ki soti nan aktif nimerik yo ki gen taks sou yo.
Nan paj sa a
- Ki sa ki yon aktif nimerik
- Kesyon Konsènan aktif nimerik nan deklarasyon taks ou a
- Kijan pou reponn kesyon aktif nimerik la
- Ki jan yo rapòte tranzaksyon aktif nimerik yo
- Konfòmite koutye
Ki sa ki yon aktif nimerik
Pou rezon taks Ozetazini, aktif nimerik se pwopriyete, se pa lajan. Yo estoke yon aktif nimerik epi yo ka achte l, vann li, posede li, transfere li oswa fè komès avè l.
Definisyon fiskal yon aktif nimerik se nenpòt reprezantasyon dijital valè ki anrejistre sou yon gran liv (ledger) distribye (blockchain) oswa teknoloji ki sanble (Lwa sou Envestisman ak Travay nan Enfrastrikti (an anglè)).
Egzanp aktif nimerik
Sa enkli :
- Lajan vityèl ki ka konvèti ak kriptomonnen tankou Bitcoin
- Pyès yo rele stablecoins
- Jeton ki pa fonjib (NFT)
Ki jan yo itilize yon aktif nimerik
Yon aktif nimerik ki gen yon valè ekivalan ak lajan reyèl, oswa ki aji kòm yon ranplasan pou lajan reyèl, yo refere yo kòm lajan vityèl ki ka konvèti, pa egzanp, yon kriptomonnen. Li kapab:
- Sèvi pou peye pou machandiz ak sèvis
- Nan kòmès dijital
- Echanj pou oswa konvèti nan lajan oswa lòt aktif nimerik
Konsènan kesyon aktif nimerik nan deklarasyon taks ou a
Sou deklarasyon taks federal yo, ou dwe reponn "Wi" oswa "Non" pou yon kesyon aktif nimerik:
Nenpòt ki lè pandan ane a, èske w: (a) te resevwa (kòm rekonpans, prim oswa peman pou pwopriyete oswa sèvis); oswa (b) vann, echanje, oswa otreman debarase w de yon aktif nimerik (oswa yon enterè finansye nan yon aktif nimerik)?
Yon vèsyon kesyon an parèt nan deklarasyon taks sa yo:
- Fòm 709, Deklarasyon Taks sou Kado (ak Transfè ant Plizyè Jenerasyon) Ozetazini (an anglè)
- Fòm 1040, Deklarasyon Taks sou Revni Endividyèl ak Fòm 1040-SR, Deklarasyon Taks Etazini pou Moun Aje yo (an anglè)
- 1040-NR, Deklarasyon Taks sou Revni pou Etranje ki Pa Rezidan Ozetazini (an anglè)
- Fòm 1041, Deklarasyon Taks sou Revni Ameriken pou Byen ak Fidisi (an anglè) PDF
- Fòm 1065, Deklarasyon Taks sou Revni yon Patenarya Etazini (an anglè)
- Fòm 1120, Deklarasyon Taks sou Revni yon Sosyete Etazini (an anglè)
Fòm 1120-S, Deklarasyon Taks sou revni Etazini pou yon Sosyete S (an anglè)
Fason pou w reponn kesyon aktif nimerik la
Repons ou ap depann de si w te gen tranzaksyon aktif nimerik.
Itilize kesyonè sa a pou ede detèmine fason pou w reponn kesyon aktif nimerik la (an anglè)
Ou ka suiv enstriksyon sa yo tou :
Kwoche Non nan kazye aktif nimerik la si ou:
- Pa t posede okenn aktif nimerik
- Te sèlman posede oswa kenbe aktif nimerik nan yon bous oswa kont, men ou pa t angaje nan okenn tranzaksyon aktif nimerik pandan ane a
- Te achte, men pa t vann aktif nimerik avèk monnen ameriken oswa lòt monnen reyèl, ni atravè platfòm elektwonik yo
- Te transfere aktif nimerik soti nan yon bous oswa yon kont ou posede oswa kontwole pou ale nan yon lòt bous oswa kont ou posede oswa kontwole (sof si ou te peye yon frè tranzaksyon avèk aktif nimerik. Sa t ap yon tranzaksyon aktif nimerik.)
Kwoche Wi nan kazye aktif nimerik la si ou:
Te resevwa aktif nimerik pou:
- Peman pou pwopriyete oswa sèvis ou bay
- Yon konpansasyon oswa rekonpans
- Minaj, miz ak aktivite ki sanble yo
- Yon airdrop an rapò ak yon hard fork
Te dispoze, te vann, te echanje oswa te transfere pwopriyete aktif nimerik:
- Pou yon lòt aktif nimerik
- Pou dola ameriken oswa lòt monnen
- Nan echanj oswa komès pou pwopriyete, machandiz oswa sèvis nan nenpòt montan
- Pandan w ap peye yon frè transfè avèk aktif nimerik
- Pa mwayen yon transfè pwopriyete oswa enterè finansye
Ou gen yon enterè finansye nan yon aktif nimerik si ou:
- Te anrejistre kòm pwopriyetè yon aktif nimerik
- Genyen yon patisipasyon nan yon kont ki genyen youn oswa plizyè aktif nimerik, ansanm avèk dwa ak obligasyon pou genyen yon enterè finansye
- Posede yon bous ki genyen aktif nimerik
Si ou reponn Wi, Chèche konnen kijan pou w deklare tranzaksyon aktif nimerik yo.
Ki jan yo rapòte tranzaksyon aktif nimerik
Si ou gen tranzaksyon aktif nimerik, ou dwe deklare yo si yo lakoz yon gen oswa pèt ki gen taks sou yo ou non.
Pou deklare tranzaksyon aktif nimerik yo:
Si ou te gen tranzaksyon aktif nimerik, kenbe dosye kap dokimante:
- Acha w la, resi, vant, echanj oswa tout lòt dispozisyon aktif nimerik yo
- Valè mache jis la an dola ameriken pou tout aktif nimerik ou te resevwa kòm revni oswa yon peman nan yon komès oswa biznis òdinè
Kòd Revni Entèn lan ak règleman yo egzije kontribyab yo konsève ase dokiman pou etabli pozisyon uo pran nan deklarasyon taks sou revni federal yo
Pou kalkile benefis oswa pèt kapital yon byen dijital ke ou jete nan yon tranzaksyon enpozab, w ap bezwen enfòmasyon sa yo:
- Kalite byen dijital la
- Dat ak lè tranzaksyon an
- Kantite inite yo
- Valè mache jis nan moman tranzaksyon an (jan yo mezire l an dola ameriken)
- Baz byen dijital ki vann oswa deposede
Jwenn ki jan yo kalkile benefis oswa pèt, idantifye kantite ki vann oswa deposede, epi detèmine valè mache jis pou sitiyasyon ou: FAQ sou tranzaksyon lajan vityèl.
Si w posede epi itilize yon byen dijital pou rezon pèsonèl oswa envestisman
Revni an ta dwe enpozab kòm yon benefis oswa pèt kapital lè w vann oswa deposede li.
Si w resevwa yon byen dijital an echanj pou machandiz oswa sèvis nan yon kontèks biznis
Revni an ta dwe enpozab kòm revni òdinè oswa yon pèt.
Jwenn detay sou benefis oswa pèt òdinè oubyen kapital (an anglè).
Kouman pou detèmine si pwofi oswa pèt kapital ou a kout oswa alontèm
- Pwofi kapital a kout tèm - Si w te kenbe byen dijital la kòm yon byen kapital pou yon ane oswa mwens anvan ou vann li, echanj, oswa otreman jete byen dijital la.
- Pwofi kapital alontèm - Si w te kenbe byen dijital kòm byen kapital pou plis pase yon ane anvan ou vann li, echanje l, oswa otreman debarase w de li.
Jwenn detay sou pwofi ak pèt kapital a kout tèm ak alontèm nan Vant ak lòt dispozisyon Byen yo, Piblikasyon 544 (an anglè).
Baz yon pwopriyete se pri li. Jeneralman, baz yon aktif nimerik se pri li an dola ameriken.
Fason ou detèmine baz ou pou aktif nimerik depann de ki kalite tranzaksyon ou te genyen.
Jwenn fason pou w detèmine baz ou pou sitiyasyon w lan nan Kesyon yo Poze Souvan (FAQ) sou tranzaksyon monnen vityèl yo. Pou detmine baz ou, W ap bezwen enfòmasyon sa yo:
- Kalite aktif nimerik ou te genyen (Egzanp Bitcoin)
- Dat ak lè ou te genyen aktif nimerik la
- Kantite inite aktif nimerik ou te genyen
- Valè mache jis aktif nimerik la lè ou te genyen l lan (an dola ameriken)
Jwenn plis detay sou Baz Aktif yo, Piblikasyon 551 (an anglè).
Fòm wap itilize a depann de ki kalite tranzaksyon:
Si ou te vann, echanje osinon te debarase w de yon aktif nimerik ou te kenbe kòm yon aktif kapital
Itilize Fòm 8949, Vant ak Lòt Dispozisyon Aktif Nimerik yo (an anglè).
Si ou gen lòt revni òdinè ki gen rapò ak aktif nimerik
Pou deklare revni ki soti nan fork yo, miz yo, minaj, elatriye, itilize Fòm 1040, (Barèm 1) Revni Siplemantè ak Ajisteman nan Revni PDF (an anglè) PDF
Si ou te bay yon kado sou fòm aktif nimerik
Itilize Fòm 709, Deklarasyon Taks Etazini sou Kado (ak Transfè Entèjenerasyonèl) (an anglè)
Si yo te peye ou antanke yon anplwaye oswa kontraktyèl endepandan avèk aktif nimerik
Pou salè ou resevwa antanke yon anplwaye, deklare revni aktif nimerik la sou Fòm 1040, Deklarasyon Taks Etazini sou Revni Endividyèl
Pou peman ou resevwa antanke yon kontraktyèl endepandan, deklare revni aktif nimerik la sou Barèm C (Fòm 1040), Pwofi oswa Pèt nan Biznis (Pwopriyete Inik).
Si ou te vann, echanje osinon te debarase w de aktif nimerik bay kliyan
Deklare tranzaksyon sa yo sou Fòm 1040 (Barèm C), Pwofi oswa Pèt nan Biznis (Pwopriyete Inik) PDF (an anglè) PDF.
Pou detay, gade ane fiskal 2023 enstriksyon 1040 (ak 1040-SR) (an anglè)
Konfòmite Koutye
Egzijans koutye yo genyen pou yo deklare tranzaksyon aktif nimerik yo se konsekans yon chanjman nan Kòd Revni Entèn lan §6045 ki fèt pa Lwa Envestisman nan Enfrastrikti ak Travay (IIJA) (ki siyen nan fen 2021). Trezò ak IRS te pibliye règleman final pou deklarasyon koutye yo pou dispozisyon aktif nimerik bay kliyan nan yon seri tranzaksyon vant oswa echanj. Deklarasyon sa gen obligasyon pou li fèt sou Fòm 1099-DA pandan y ap kòmanse avèk tranzaksyon nan dat 1e janvye 2025 oswa apre.
Règleman final yo konsène koutye ki posede aktif nimerik kliyan yo ap vann, tankou operatè platfòm negosyasyon aktif nimerik ak konsèvasyon, yon seri founisè bous ki gen aktif nimerik, kyòs aktif nimerik ak yon seri pwosesè aktif nimerik (PDAP).
Règleman yo bay prensip pou kalkil gen (ak pèt), prensip pou detèminasyon baz ak prensip pou sovgad prelèvman ki konsène tranzaksyon vant ak echanj aktif nimerik yo.
Règleman final yo garanti ke kontribyab yo ap rsevwa deklarasyon kap genyen enfòmasyon yo te deklare bay IRS la sou Fòm 1099-DA, Pwodui Aktif Nimerik ki soti nan Tranzaksyon Koutye yo, ki pral ede yo ranpli deklarasyon taks sou revni yo epi detèmine obligasyon fiskal yo. Enfòmasyon sa yo ap bay kontribyab yo konfyans pou yo deklare revni yo fè nan aktif nimerik pandan y ap amelyore efò konfòmite yo.
Faz règleman pou deklare avèk le tan. Espesyalman anba règleman final yo:
- Koutye yo dwe deklare pwodui brit pou tranzaksyon ki fèt 1e janvye 2025 oswa apre.
- Koutye yo dwe deklare baz yon seri tranzaksyon ki fèt 1e janvye 2026 oswa apre.
- Pwofesyonèl imobilye yo trete tankou koutye dwe deklare valè mache jis aktif nimerik moun kap achte peye ak aktif nimerik moun kap vann yo resevwa nan tranzaksyon imobilye nan dat 1e janvye 2026 oswa apre.
- Pou yon seri vant stablecoin ak jeton ki pa fonjib (NFT), koutye yo ka chwazi deklare tranzaksyon yo sou yon baz akimilasyon nan mezi vant yo depase sèy de minimis la
- Yon sèy de minimis apa aplike tou pou vant PDAP yo.
Règleman final yo pa enkli egzijans deklarasyon pou koutye anpil moun konnen kòm koutye desantralize oswa san detansyon ki pa kenbe aktif nimerik y ap vann oswa echanje.
Avi 2024-56 (an anglè) PDF ak Avi 2025-33 [Please provide a PDF link here] bay enfòmasyon sou soulajman tranzaksyon pou koutye;
Pou tranzaksyon ki fèt nan ane sivil 2025 (epi deklare an 2026), IRS la p ap enpoze penalite pou deklarasyon ki pa fèt epi pou bay Fòm 1099-DA a si koutye a fè yon efò de bòn fwa pou ranpli Fòm 1099-DA a epi bay deklarasyon benefisyè ki asosye a kòrèkteman epi a tan.
- Avi yo bay koutye yo soulajman tou nan obligasyon prelèvman bakòp ak penalite ki asosye yo:
- Pou tout tranzaksyon ki fèt nan 2025 ak 2026
- Pou 2027,pou tout tranzaksyon ki fèt sou non yon kliyan nan men kilès koutye a pran TIN kliyan an epi soumèt non ak TIN kliyan an bay pwogram korespondans TIN IRS la epi resevwa yon repons ki di konbinezon non-TIN koresponn ak dosye IRS la.
- Pou 2027, pou tout tranzaksyon ki fèt sou non yon kliyan avèk yon kont ki egziste deja ki montre yon adrès ki pa Ozetazini si koutye a pat klase kliyan sa kòm yon ameriken.
- Jiskaske yo pibliye yon lòt gid, pou dispozisyon aktif nimerik nan deklarasyon pou yon seri NFT oswa pwopriyetè reyèl, ak pou yon seri vant PDAP yo fè.
- Avi 2024-57 idantifye tranzaksyon koutye yo pa gen obligasyon pou ranpli pou yo sou Fòm 1099-DA oswa bay deklarasyon benefisyè ki asosye yo jiskaske Depatman Trezò ak IRS pibliye lòt gid. Eksepsyon deklarasyon sa a pa konsène rekonpans oswa lòt konpansasyon patisipan an genyen oswa tire nan tranzaksyon sa yo. Tranzaksyon yo idantifye yo se:
- Tranzaksyon anbalaj ak debalaj,
- Tranzaksyon founisè likidite yo,
- Tranzaksyon miz yo,
- Tranzaksyon aktè mache aktif nimerik yo dekri kòm prè aktif nimerik yo,
- Tranzaksyon aktè mache aktif nimerik yo dekri kòm ti vant aktif nimerik, epi
- Kontra a kapital nosyonèl yo.
Pwosedi Revni 2024-28 la (an anglè) PDF pèmèt kontribyab yo atribye inite baz ki pa sèvi yo nan rès inite aktif nimerik ki nan bous oswa kont aktif nimerik yo apati 1e janvye 2025
- Pwosedi Revni a bay gid sou tranzisyon sou kijan kontribyab ka tranzite nan metodoloji idantifikasyon baz la pou atribye baz aktif nimerik ki pa sèvi yo nan aktif nimerik ki rete nan chak bous oswa kont yon kontribyab apati 1e janvye 2025, jan règleman final la egzije sa.
FAQ
- Kesyon yo poze souvan sou deklarasyon koutye (an anglè)
- Kesyon yo Poze Souvan sou Tranzaksyon Lajan Vityèl yo elaji egzanp yo bay nan Avi 2014-21 epi aplike menm prensip fiskal sa yo depi lontan nan lòt sitiyasyon.
Piblikasyon
- Revni ki gen Taks sou li ak Revni ki Pa gen Taks sou li, Piblikasyon 525 (an anglè) – Revni divès ki soti echanj nan byen oswa sèvis.
- Kontribisyon nan Charite, Piblikasyon 526 (an anglè) – Dediksyon kontribisyon nan charite yo.
- Vant ak Lòt Dispozisyon Aktif, Piblikasyon 544 (an anglè) – Aktif kapital ak karaktè gen oswa pèt.
- Baz Aktif yo, Piblikasyon 551 (an anglè) – Kalkil baz yo.
- Detèmine Valè Byen yo bay kòm Don, Piblikasyon 561 (an anglè) – Evalyasyon byen yo bay kòm don ki vo plis pase $5 000.
Gid
- Avi 2025-07 (an anglè) PDF – Soulajman tanporè pou kontribyab elijib ki konte sou metòd altènatif pou fè yon idantifikasyon apwopriye konsènan byen dijital yon koutye gen nan men l.
- Dènye Règ 2024-07-09 (an anglè) – Montan brit ak rapò baz pa koutye yo ak detèminasyon montan reyalize ak baz pou tranzaksyon byen dijital
- Pwosedi Revni 2024-28 (an anglè) – Gid pou asiyen baz byen dijital nan bous oswa kont apati 1e Janvye 2025
- Avi 2024-57 (an anglè) – Deklarasyon koutye ak soulajman penalite pou sèten tranzaksyon byen dijital
- Avi 2024-56 (an anglè) – Soulajman tranzisyonèl pou deklarasyon enfòmasyon ak prelèvman an rezèv pou byen dijital pa koutye
- Desizyon Fiskal 2023-14 (an anglè) – Taksabilite revni miz
- Desizyon Fiskal 2019-24 (an anglè) – Enplikasyon fiskal yon separasyon (hard fork).
- Avi 2023-34 (an anglè) – Avi modifye 2014-21 seksyon bakgrawonn yo retire deklarasyon an ke lajan vityèl pa gen estati peman legal ak fè lòt chanjman
- Avi 2023-27 (an anglè) – Tretman kèk NFT kòm koleksyon
- Avi 2014-21 (an anglè) – Tretman fiskal tranzaksyon ki itilize lajan vityèl dekapotab
- Konsèy Avoka Anchèf (CCA) 202444009 (an anglè) PDF – Rekonpans jele ki gen rapò ak platfòm byen dijital ki fè fayit
- Konsèy Konseye Prensipal (CCA) 202316008 (an anglè) PDF – Konsekans enpo pou moun ki kenbe yon kriptomonnen ki natif nan yon ledger distribye (blockchain) ki gen yon pwotokòl ajou
- Konsèy Konseye Prensipal (CCA) 202035011 (an anglè) PDF – Konsekans fiskal yo lè nou resevwa monnen vityèl konvètib kòm pèman pou ti travay atravè yon platfòm ki gen plizyè moun k ap travay.
- Konsèy Konseye Prensipal (CCA) 202114020 (an anglè) PDF – Resepsyon Lajan Bitcoin apre yon separasyon (hard fork).
- Konsèy Konseye Prensipal (CCA) 202124008 (an anglè) PDF – IRC seksyon 1031 Lwa Revni Entèn lan aplikab sou echanj Bitkwen pou Etè, Bitcoin pou Litecoin epi Etè pou Litecoin.
- Konsèy Konseye Prensipal (CCA) 202302011 (an anglè) PDF – Aplikasyon IRC seksyon 165 pou kriptomonen ki te bese nan valè.
- Avi alekri " Konsèy Konseye Prensipal " (CCA) 202302012 (an anglè) PDF – Ekzijans pou evalyasyon kalifye pou kontribisyon charitab kriptomonnen.
- Lèt Desizyon Prive 202019028 (an anglè) PDF – Trete seri pwoblèm estati antite yo ki ekzante de taks nan endistri aktif nimerik la.
- Avi FinCEN 2020-2 (an anglè) PDF – Ekzijans rapò deklarasyon Bank ak Kont Finansyè Etranje yo (FBAR) ki an rapò ak monnen vityèl yo.
Ki gen rapò
- Fich Enfòmasyon 2025-06 (an anglè) – Pwofesyonèl taks yo kapab prepare kounye a pou ede kliyan yo nan pwosesis deklarasyon kèk tranzaksyon aktif nimerik
- Kominike Nouvèl IR-2024-178 (an anglè) – Dènye règ ki egzije koutye gadyen yo deklare lavant ak echanj nan byen dijital, ki gen ladan kriptomonnen
- Fèy Enfòmasyon 2024-23 (an anglè) - Dènye règ ak konsèy IRS bay ki konsène deklarasyon koutye yo dwe fè pou vant ak echanj byen dijital