IRS: Fanmi yo ap resevwa peman Kredi Enpo pou Timoun mwa Dawou yo kounyea; li poko twò ta pou fanmi ki pa gen gwo revni yo enskri

IR-2021-169, 13 dawou 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan ak Depatman Trezò a te anonse jodia plizyè milyon fanmi ameriken ap resevwa peman mansyèl Kredi Enpo pou Timoun yo (CTC) kounyea pandan depo dirèk kòmanse fèt sou kont labank yo ak chèk yo k ap rive nan bwat postal yo.

Dezyèm lo avans peman sa yo ki valè anviwon $15 milyon rive jwenn anviwon 36 milyon fanmi nan tout peyi a. Majorite a ap fèt pa depo dirèk.

Dapre Plan Sovtaj Ameriken an, majorite fanmi kalifye yo te resevwa premye peman an 15 jiyè, epi peman yo ap kontinye chak mwa pou rès ane 2021 an. Pou fanmi sa yo, chak peman ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane.

Anplis peman 15 jiyè ak 13 dawou yo, lòt dat peman yo se 15 septanm, 15 oktòb, 15 novanm ak 15 desanm.

Men plis detay sou peman sa yo:

  • Fanmi yo ap wè peman depo dirèk yo sou kont yo apati jodia, 13 dawou a. Tankou premye peman yo, gran majorite fanmi yo ap resevwa peman sa yo pa depo dirèk.
  • IRS la vle alète kèk benefisyè ki te resevwa depo dirèk nan mwa jiyè yo pral resevwa peman mwa dawou yo pa lapòs. Akoz yo pwoblèm yo te atann ki t ap rezoud ak peman septanm yo, yon pousantaj nan benefisyè sa yo – mwens pase 15% – ki te resevwa peman yo pa depo dirèk nan jiyè a ap resevwa papye chèk nan bwat postal yo pou peman dawou yo. Pou sila yo ki afekte yo, yo p ap bezwen fè anyen anplis pou yo resevwa peman septanm yo pa depo dirèk. Fanmi yo kapab vizite Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan pou yo wè si y ap resevwa yon depo dirèk oswa papye chèk nan mwa sa a.
  • Pou sila yo k ap resevwa peman yo pa papye chèk, asire nou mete yon ti tan anplis pou livrezon pa lapòs jiska fen mwa dawou a. Sila yo ki swete resevwa pwochen peman yo pa depo dirèk la ka itilize Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan, ki disponib sou IRS.gov. Pou antre sou pòtal la oswa jwenn yon gid etap pa etap sou kòman pou ou itilize li, vizite IRS.gov/childtaxcredit2021. Yon chanjman ki te fèt nan 11:59 nan aswè. 30 dawou ap aplike apati peman septanm nan.
  • Peman yo al jwenn fanmi kalifye yo ki te ranpli deklarasyon enpo sou revni 2019 oswa 2020 yo. Deklarasyon ki te trete 2 dawou yo reflete nan peman sa yo. Sa gen ladan moun ki pa ranpli yon deklarasyon men te enskri avèk siksè pou Peman Enpa Ekonomik yo nan 2020 an avèk zouti Non-Deklaran IRS la sou IRS.gov oswa te itilize avèk siksè nan 2021 an Zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an pou Avans CTC (Child Tax Credit - Kredi Enpo pou Timoun), ki disponib tou sou IRS.gov sèlman.
  • Pèman yo otomatik. Mete apa ranpli yon deklarasyon enpo, tankou yon deklarasyon senplifye apati zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an, fanmi yo pa gen anyen pou yo fè si yo kalifye pou resevwa peman mansyèl yo. Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an disponib jiska 15 oktòb 2021. 
  • Fanmi ki pa t jwenn yon peman jiyè epi k ap resevwa premye peman mansyèl yo nan mwa dawou ap toujou resevwa total peman avans yo pou ane a. Sa vle di total peman an ap repati sou senk (5) mwa, olye de sis (6), sa k ap rann chak peman mansyèl vin pi plis. Pou fanmi sa yo, chak peman ap jiska $360 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane
  • Anplis, IRS la ap korije pwoblèm ki gen pou wè ak peman avans CTC yo pou fanmi kote paran an (yo) gen yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl (ITIN) epi timoun kalifye yo gen yon nimewo Sekirite Sosyal. Fanmi sa yo ki pa t resevwa yon peman jiyè ap resevwa yon peman mansyèl nan mwa dawou a, k ap gen ladan tou yon pati nan peman jiyè a. Y ap resevwa rapèl pou peman jiyè a nan fen mwa dawou a.

Fanmi ki pa gen gwo revni yo ka toujou enskri

Li pa twò ta pou fanmi ki pa gen gwo revni yo enskri pou peman avans CTC yo. IRS la te ankouraje moun ki pa gen obligasyon fè yon deklarasyon enpo yo eksplore zouti yo ki disponib sou IRS.gov. Zouti sa yo kapab detèmine kalifikasyon pou avans CTC a oswa ede moun yo fè yon deklarasyon enpo senplifye pou enskri pou pèman sa yo ansanm avèk Peman Enpak Ekonomik yo ak Kredi ranbousman Rekiperasyon an. Moun yo ap kapab jwenn avantaj sa yo, menmsi yo pa travay epi menmsi yo pa gen okenn revni.

IRS la kontinye ap sansibilize sou Kredi Enpo pou Timoun elaji a. IRS la ankouraje patnè li yo ak gwoup kominotè yo pou yo pataje enfòmasyon yo epi itilize kit zouti ak zouti anliy yo disponib yo pou ede non-deklaran yo, fanmi ki pa gen gwo revni yo ak lòt gwoup defavorize yo enskri pou yo resevwa peman avans Kredi Enpo pou Timoun nan ak Peman Enpak Ekonomik yo. Moun yo ka verifye kalifikasyon pou peman avans yo lè yo itilize nouvo Asistan Kalifikasyon pou avans Kedi Enpo pou Timoun nan.

Fanmi yo ka kanpe peman yo nenpòt lè

Fanmi yo kapab kanpe peman yo nenpòt lè, menm apre peman yo fin kòmanse. Yo ka fè sa lè yo itilize fonksyonalite dezenskri a nan Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan. Fanmi kalifye ki fè chwa sa ap toujou resevwa rès Kredi Enpo pou Timoun yo a angwo lè yo fè deklarasyon enpo federal 2021 yo a ane pwochenn. Pou kanpe tout peman k ap kòmanse nan mwa septanm ak rès 2021 an, yo dwe anile enskripsyon an apati 11 dawou nan 11:59 nan aswè. 30 dawou 2021.

Pou koup ki marye yo, chak konjwen dwe anile enskripsyon yo apa. Si yo chak chwazi anile enskripsyon an, yo p ap resevwa okenn peman mansyèl. Si se sèlman yon konjwen ki anile enskripsyon an, y ap toujou resevwa peman mansyèl yo, men y ap mwatye montan nòmal la.

Fonksyonalite pou anile enskripsyon an kapab ede nenpòt fanmi ki pa kalifye pou CTC a ankò oswa ki kwè yo p ap kalifye lè yo fè deklarasyon 2021 yo a. Sa ka rive, si pa ekzanp, yon lòt moun, tankou yon ansyen konjwen oswa yon lòt manm fanmi, kalifye pou deklare timoun yo antanke depandan an 2021.

Lyen ki mennen nan zouti sa yo, yon gid etap pa etap sou kòman pou itilize Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, repons pou kesyon yo poze souvan yo ak lòt resous ki itil yo disponib sou paj avans CTC 2021 espesyal ajans lan. Li sou IRS.gov/childtaxcredit2021.