Penalite ki an rapò ak presizyon

Yon penalite ki gen rapò ak Presizyon aplike si w peye pi piti pase taks obligatwa ki parèt nan deklarasyon taks ou a. Peman ki pa sifi ka rive si w pa rapòte tout revni ou oswa w reklame dediksyon oswa kredi ou pa kalifye pou yo.

Nou aplike 2 penalite komen ki gen rapò ak presizyon pou patikilye yo:

Penalite pou Neglijans oswa Non respè règ oswa Règleman yo

Neglijans se lè w pa fè yon tantativ rezonab pou swiv lwa sou taks yo lè w ap prepare deklarasyon taks ou a. Non respè vle di ou inyore pa neglijans, san konsyans oswa entansyonèlman prensip oswa règleman sou taks yo.

Kèk egzanp sou neglijans gen ladan l:

  • Pa kenbe dosye pou pwouve w kalifye pou kredi yo oswa dediksyon w ap reklame yo
  • Pa mete revni nan deklarasyon taks ou a ki te parèt nan yon fidbak, tankou revni ki te rapòte nan Fòm 1099
  • Pa verifye presizyon nan yon dediksyon oswa kredi ki sanble twò bon pou li reyèl

Penalite sou Gwo Souzestimasyon Taks sou Revni

Pou patikilye, yon gwo souzestimasyon nan taks aplike si w souzestime responsablite fiskal ou pa 10% nan taks ki obligatwa ki dwe parèt nan deklarasyon w lan oswa $5,000 kèlkeswa sa ki pi gwo.

Si w reklame yon Seksyon 199A Dediksyon Revni pou Biznis ki Kalifye nan deklarasyon taks ou a, penalite a aplike si w souzestime responsablite fiskal ou pa 5% nan taks ki obligatwa ki dwe parèt nan deklarasyon w lan oswa $5,000, kèlkeswa sa ki pi gwo.

Kòman w konnen ou dwe penalite a

Nou te voye ba ou yon avi oswa yon lèt si w genyen yon penalite ki an rapò ak presizyon. Pou plis enfòmasyon, gade Konprann Avi oswa Lèt IRS Ou an.

Kòman nou kalkile penalite a

Nan ka neglijans oswa non respè nan prensip oswa règleman yo, penalite ki an rapò ak presizyon an ap 20% pòsyon peman taks ki pa sifi ki te rive akòz neglijans oswa mank respè.

Nan ka gwo souzestimasyon yo, penalite ki an rapò ak presizyon an ap 20% pòsyon peman ki pa sifi sou taks ki te souzestime nan deklarasyon an.

Enterè sou yon penalite

Nou mete enterè sou penalite yo.

Dat nou kòmanse mete enterè yo depann de kalite penalite a. Enterè yo ajoute sou montan ou dwe yo jouk ou peye tout dèt ou yo. Pou plis enfòmasyon sou enterè yo nou chaje sou penalite yo, gade Enterè.

Peye yon penalite

Voye yon pèman ban nou oswa peye tout enpo w yo pou anpeche penalite ak nouvo enterè yo vin plis.

Efase oswa diminye yon penalite

Nou kapab efase oswa redwi kèk penalite si w te aji de bònfwa epi w ka montre rezon valab ki fè w pa t kapab respekte responsablite taks ou yo. Selon lalwa, nou pa kapab efase oswa redwi enterè yo sèlman si yo efase oswa redwi penalite a.

Pou plis enfòmasyon, gade Soulajman penalite.

Konteste yon penalite

Si w pa dakò ak montan w dwe yo, ou kapab konteste penalite a.

Rele nou sou nimewo gratis ki parèt nan pati anlè adwat avi oswa lèt ou a oswa ekri nou yon lèt ki mansyone poukisa nou dwe rekonsidere penalite a. Siyen epi voye lèt la ak nenpòt dokiman sipò nan adrès ki sou avi oswa lèt ou a.

Ou dwe genyen enfòmasyon sa yo lè w ap rele oswa voye lèt ou a:

  • Avi oswa Lèt nou te voye ba w la
  • Penalite ou vle nou rekonsidere a
  • Pou chak penalite, yon esplikasyon sou rezon ki fè w panse nou ta dwe efase l

Si w pa t resevwa yon avi oswa lèt, jwenn asistans pa telefòn.

Evite yon Penalite

Ou kapab evite yon penalite lè'w ranpli ak presizyon epi a tan epi peye taks ou a anvan dat limit la. Si w pa kapab peye taks w anvan dat limit lan, ou kapab aplike pou yon plan pèman.

Aplike pou yon plan pèman

Si w pa kapab peye tout montan taks ou yo oswa penalite yo alè, peye sa w kapab kounya epi aplike pou yon plan pèman. Ou kapab redwi penalite alavni lè w aranje yon plan pèman.

Jwenn èd

Pou èd ak yon penalite, rele nimewo telefòn sou avi oswa lèt ou an. Si w pa t resevwa yon avi oswa lèt, itilize asistans pa telefòn

Lwa ak règleman

Jwenn Èd