Deklarasyon Dwa Kontribyab 1: Dwa pou Ou Enfòme

Deklarasyon Dwa kontribyab la se yon dokiman enpòtan ki mete aksan sou 10 dwa fondamantal kontribyab yo genyen lè yo ap trete ak Sèvis Revni Entèn. IRS la vle pou chak grenn kontribyab byen konnen dwa sa yo pou lè y ap gen bezwen travay ak li nan dosye pèsonèl ki gen pou wè ak taks. Piblikman, IRS la ap kontinye mete aksan sou dwa sa yo kontribyab yo genyen. IRS la ap fè rapèl pou anplwaye li yo tou regliyèman konsènan dwa sa yo. IRS la atann li anplwaye li yo ap konprann epi aplike dwa kontribyab yo atravè chak rankont ak kontribyab yo.

Piblikasyon 1 IRS, Dwa ou antanke yon Kontribyab, genyen landan yon lis dwa kontribyab yo okonplè.

Sa gen ladan Dwa pou Ou Enfòme.

Kontribyab yo gen dwa pou yo konnen kisa yo gen pou yo fè pou yo konfòme yo ak lwa fiskal yo. Yo gen dwa pou yo jwenn eksplikasyon ki klè sou lwa yo ak pwosedi legal ki nan tout fòmilè pou enpo yo, enstriksyon, piblikasyon, avi ak korespondans. Yo gen dwa pou yo enfòme sou desizyon IRS la sou kont enpo yo epi pou yo resevwa eksplikasyon ki klè sou rezilta yo.

Kisa ou ka atann:

  • Sèten nan avi yo dwe genyen montan (sizoka ta genyen) taks la, enterè a, ak kèk penalite ou dwe. Li dwe eksplike poukisa ou dwe montan sa yo.
  • IRS la refize konplètman oswa pasyèlman reklamasyon ranbousman ou an, li dwe eksplike pou ki rezon.
  • Konprann Avi oswa Lèt IRS Ou a ap ka ede, li disponib anliy sou sit IRS.gov la.
  • Si IRS la propoze pou li fè evalyasyon taks kont ou, li dwe eksplike pwosesis la, - sòti nan pwosesis odit la pou rive nan koleksyon an - depi nan premye lèt la. Lèt sa a ta dwe eksplike opsyon ou genyen yo pou ou ta fè yon Biwo Apèl Endepandan fè yon revizyon oswa kijan Sèvis Defans Kontribyab yo kapab ede ou.
  • Si ou ta rantre nan yon plan pèman, sa yo rele plan vèsman an, IRS sipoze voye yon relve anyèl ba ou. Sa ap ba ou yon relve ki gen balans ou ak pèman ou yo.
  • Ou kapab aksede ak Fòm ak piblikasyon IRS (an anglè) yo sou sit IRS.gov la. Ou kapab rele nan 800-829-3676 pou ou mande yo tou.
  • IRS la itilize divès kalite zouti medya sosyal ki kapab bay anpil moun enfòmasyon ki gen pou wè ak taks. Ou kapab jwenn IRS sou Twitter(an anglè), YouTube(an anglè),  LinkedIn(an anglè) ak IRS2Go(an anglè) ki se yon aplikasyon mobil gratis.

Pou ou kapab jwenn plis detay konsènan Deklarasyon Dwa Kontribyab yo ak enpòtans li gen pou ou, ale sou sitwèb Sèvis Defans Kontribyab (an anglè) la.

Nan lide pou ogmante kantite ameriken ki konnen epi konprann dwa yo daprè lalwa fiskal la. IRS la mete piblikasyon sa a disponib nan plizyè lang. IRS la gen plis enfòmasyon nan lòt lang tou. Gade meni “Lang yo” nan pati anba nenpòt ki paj IRS.gov.

IRS la pran angajman li tou pou li pwoteje dwa sivil kontribyab yo. IRS la p ap tolere diskriminasyon ki baze sou laj, koulè, andikap, ras, reprezay, orijin nasyonal, konpetans an anglè, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl oswa estati antanke paran. Sa gen ladan nenpòt kontak avèk anplwaye IRS yo ak estaf la oswa volontè yo nan sit kominotè yo.

Si yon kontribyab fè fas ak diskriminasyon, li kapab voye yon plent (an anglè)PDF  bay Depatman Dwa Sivil IRS la.

Resous Adisyonèl IRS