IRS: Dat limit pou deklarasyon enpo 2019 ak 2020 yo pou jwenn alèjman penalite COVID la ranvwaye nan zòn dezas ki deklare yo

IR-2022-185, 19 oktòb 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan ap raple kontribyab ki nan zòn yon seri deklarasyon Ajans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) kouvri ka genyen plis tan pou yo soumèt deklarasyon yo a pou yo kalifye pou alèjman penalite (an anglè) dapre Avi 2022-36 (an anglè) pou deklarasyon enpo 2019 ak 2020 yo a.

Dapre Avi 2022-36 la, penalite pou yon seri deklarasyon enpo ki fèt anreta, ansanm ak penalite pou yon seri enfòmasyon obligatwa ki pa deklare sou Fòmilè 1065 oswa Fòmilè 1120-S, abandone oswa kanpe si deklarasyon ki konsène a te fèt nan dat 30 sektanm 2022 oswa anvan. Men patikilye ak fanmi ki rezide oswa ki genyen yon biznis nan zòn dezas FEMA deklare dènyeman an gen dat limit pou deklare pou yo jwenn alèjman sa a ranvwaye, jan sa mansyone anba a.

Alèjman dapre Avi 2022-36 la aplike pou penalite pou deklarasyon ki pa fèt yo nòmalman evalye nan yon to 5% pa mwa, epi jiska 25% taks ki pa peye lè ou fè yon deklarasyon taks sou revni federal an reta. Alèjman sa aplike pou fòm ki ni nan seri Fòm 1040 ni Fòm 1120 yo, ansanm avèk lòt yo ki nan lis ki nan Avi 2022-36 (an anglè), yo te pibliye sou IRS.gov.

Kontrèman ak penalite pou deklarasyon ki pa fèt la, penalite pou enpo ki pa peye epi enterè ap toujou aplike pou tout enpo ki pa peye. Nòmalman, penalite pou deklarasyon ki pa fèt la se 0.5% (mwatye 1 pousan) pa mwa, jiska 25%. Aktyèlman, to enterè a se 6%, li akimile chak jou.

Alèjman penalite pou deklarasyon 2019 ak 2020 yo pa disponib nan kèk sitiyasyon, tankou kote gen yon deklarasyon te fèt nan fwod, kote penalite yo fè pati yon pwopozisyon konpwomi yo aksepte oswa yon akò kloz, oswa kote se yon tribinal ki te detèmine penalite yo alafen. Alèjman sa se pou penalite avi a presize ki elijib pou alèjman. Pou penalite ki pa elijib yo, tankou penalite pou enpo ki pa peye, kontribyab yo ka itilize pwosedi alèjman penalite ki la deja yo, tankou aplike pou alèjman selon kritè koz rezonab la oswa pwogram Rediksyon Premye Fwa a. Vizite IRS.gov/penaltyrelief pou detay.

Plizyè alèjman aplike pou deklarasyon 2021 yo. Vizite paj èd pou viktim katastwòf IRS.gov la pou plis enfòmasyon konsènan ane fiskal 2021 an.

Plis enfòmasyon: