Moun ki pa gen pou deklae enpo yo ka bezwen enskri pou pèman avans kredi enpo pou timoun yo

Konsèy sou Taks pou COVID 2021-92, June 28, 2021

Men kiyès ki ta dwe itilize zouti sa a

Zouti sa a se pou moun ki pa t fè yon deklarasyon enpo pou 2019 oswa 2020 an epi pa t itilize zouti Non-Deklaran an ane pase pou enskri pou Peman Enpak Ekonomik yo. Li pèmèt yo bay enfòmasyon nesesè konsènan yo menm, timoun kalifye yo ki genyen 17 lane ak pipiti, lòt depandan yo, ak enfòmasyon bankè yo pou depo dirèk pou IRS la ka depze peman yo byen rapid epi fasil sou kont chèk yo oswa kont epay yo.

Men kiyès ki pa ta dwe itilize zouti sa a

Fanmi kalifye ki te deja deklare oswa planifye pou fè deklarasyon enpo 2019 oswa 2020 yo pa ta dwe itilize zouti sa a. Depi IRS la fin trete deklarasyon enpo 2019 oswa 2020 yo a, y ap itilize enfòmasyon pou detèminen kalifikasyon epi distribye pèman avans yo. Fanmi ki vle reklame lòt avantaj fiskal yo, tankou kredi enpo sou revni an, pa ta dwe itilize zouti sa a. Yo ta dwe fè yon deklarasyon enpo regilye. Pou yo menm, mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou fè yon deklarasyon se sistèm Deklarasyon Gratis la, ki disponib sou IRS.gov sèlman.

Apwopo avans kredi enpo pou timoun nan

Kredi enpo pou timoun elaji epi ki fenk aksesib la te otorize pa Lwa Plan Sovtaj Ameriken an, ki te pwomilge nan mwa Mas. Nòmalman, IRS la ap kalkile pèman an sou deklarasyon enpo 2020 yon moun, ansanm avèk sila yo ki itilize zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an. Si deklarasyon sa patko depoze oswa y ap trete li toujou, IRS la ap detèminen pito premye montan peman yo pandan l ap itilize deklarasyon 2019 la oswa enfòmasyon ki antre nan zouti Non-Deklaran an ki te disponib nan 2020 an.

Chak pèman ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane.

IRS la ap livre pèman sa yo pa mwayen depo dirèk si IRS la genyen bon enfòmasyon sou kont labank yo. Osinon, moun yo ta dwe gade bwat lapòs yo nan zòn 15 Jiyè yo pou pèman pa lapòs yo. Dat pou pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo se 15 Jiyè, 13 Dawout, 15 Sektanm, 15 Oktòb, 15 Novanm ak 15 Desanm.

Gade Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun an 2021 yo sou IRS.gov pou detay sou kalifikasyon ak plis resous itil.

IRS mande gwoup kominotè yo, benevòl yo, asosyasyon yo, òganizasyon edikasyon yo, ak lòt ki gen koneksyon ak moun ki gen timoun yo pou pataje enfòmasyon enpòtan sa konsènan avans kredi enpo pou timoun nan ansanm ak lòt gwo avantaj yo tou.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)