Resevwa yon PIN pou Pwoteksyon Idantite (IP PIN)

Yon PIN pou Pwoteksyon Idantite (IP PIN) se yon nimewo ki gen sis (6) chif ki anpeche yon lòt moun itilize nimewo Sekirite Sosyal ou (SSN) oswa Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl ou (ITIN) pou li ranpli yon deklarasyon enpo. Se oumenm ak IRS la sèlman ki konnen IP PIN nan. Li ede nou verifye idantite ou lè w ap ranpli deklarasyon enpo sou òdinatè oswa sou papye. Menmsi ou pa gen yon egzijans pou deklare, IP PIN nan ap toujou pwoteje kont ou.

Si yo konfime ou se yon viktim vòl idantite fiskal epi nou te rezoud pwoblèm kont fiskal ou, n ap voye yon Avi CP01A (an anglè) avèk nouvo IP PIN ou an chak ane pa lapòs.

Si w pako genyen yon IP PIN, ou ka resevwa yon IP PIN nan yon demach pou ou pwoteje tèt ou kont vòl idantite fiskal. Nenpòt moun ki gen yon SSN oswa yon ITIN ka jwenn yon IP PIN, sa gen ladan l moun k ap viv aletranje yo.

Kòman pou ou resevwa yon IP PIN

  • Mwayen pi rapid pou resevwa yon IP PIN se lè ou mande youn atravè kont anliy ou a. Si w poko genyen yon kont sou IRS.gov, ou dwe enskri pou w valide idantite w.
  • Konjwen ak depandan yo ka elijib pou IP PIN si yo ka pase prosesis verifikasyon idantite a.
  • Yon fwa ou chwazi epi w jwenn yon IP PIN anliy, w ap bezwen rekipere IP PIN ou a anliy chak ane paske yo pap voye Avi CP01A a pa lapòs.
  • Jeneralman, zouti IP PIN nan disponib sou kont anliy ou an soti mitan janvye pou rive nan mitan novanm. Klike bouton an pou kòmanse.

Resevwa yon IP PIN (an anglè)

Lòt mwayen pou enskri anliy

Si ou vle yon IP PIN men ou pa ka etabli yon kont anliy, gen lòt mwayen pou fè sa. Tanpri, remake lè ou itilize yon lòt mwayen apre kont anliy lan, w ap pran plis tan pou yo asiyen w yon IP PIN.

Si revni brit ajiste ou nan dènye deklarasyon ou depoze a pi ba pase $79 000 pou Patikilye oswa $158 000 pou moun ki Marye K ap Deklare ansanm epi w pa kapab kreye yon kont anliy, ou gen opsyon pou w itilize Fòm 15227, Demann pou yon Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl pou Pwoteksyon Idantite (an anglè)PDF. Ou dwe gen:

  • Yon nimewo Sekirite Sosyal oswa Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Pèsonèl valid
  • Yon revni brit ajiste nan dènye deklarasyon ou depoze a ki pi ba pase $79 000 pou Patikilye oswa $158 000 pou moun ki Marye K ap Deklare ak Konjwen yo.
  • Aksè ak yon telefòn

N ap itilize nimewo telefòn ou te bay nan Fòm 15227 pou rele ou epi valide idantite w. Depi nou fin verifye idantite w, w ap resevwa IP PIN ou an atravè Sèvis Postal Etazini an dabitid soti kat (4) rive sis (6) semèn. Epi w ap kontinye resevwa IP PIN ou chak ane pa lapòs.

Si ou pa anmezi pou verifye idantite ou anliy oswa avèk pwosesis Fòm 15227 la oswa ou pa kalifye pou soumèt Fòm 15227, ou ka pran yon randevou pou yon rankont an pèsòn nan yon Sant Asistans pou Kontribyab lokal. Tanpri pote yon dokiman idantifikasyon ak foto aktyalize gouvènman an ba ou ak yon lòt dokiman idantifikasyon pou pwouve idantite w. Depi nou fin verifye idantite w, w ap resevwa IP PIN ou an atravè Sèvis Postal Etazini an nan twa (3) semèn, jan sa ye dabitid. Epi w ap kontinye resevwa IP PIN ou an chak ane pa lapòs.

Enfòmasyon Enpòtan konsènan IP PIN yo

Itilize yon IP PIN pou Deklare

Antre IP PIN sis (6) chif la lè lojisyèl enpo w lan mande w li oswa bay pwofesyonèl fiskal ou fè konfyans lan k ap prepare deklarasyon enpo w la li. IP PIN nan itilize nan Fòm 1040, 1040-NR, 1040-PR, 1040-SR, ak 1040-SS sèlman.

Ou dwe mete yon IP PIN ki kòrèk nan deklarasyon enpo elektwonik la oswa sou papye a pou evite rejè ak reta. Yon IP PIN ki pa kòrèk oswa ki manke ap lakoz yo rejte deklarasyon elektwonik ou a oswa retade deklarasyon sou papye w la jiskaske yo kapab verifye li.

Pa devwale IP PIN ou an bay pèsòn. Se pwofesyonèl fiskal ou a sèlman ki ka konnen li e se sèlman lè ou pare pou siyen ak soumèt deklarasyon w lan. IRS la p ap janm mande IP PIN ou. Apèl telefòn,imèl oswa mesaj tèks k ap mande IP PIN ou se anak.

IP PIN ki Pèdi yo

Gade Rekipere IP PIN Ou pou detay yo. Pa soumèt yon Fòm 15227 pou fè demann yon nouvo IP PIN.